Monday, June 19, 2017

Estati Pwoteksyon Tanporè pou Ayiti a Pwolonje pou sis mwa

From USCIS News:

WASHINGTON— Sekretè Sekirite Enteryè John F. Kelly pwolonje Estati Pwoteksyon Tanporè (TPS) pou resòtisan ayisyen ki kalifye (ak moun ki pa gen nasyonalite ki kalifye epi dènye kote yo te abitye viv se Ayiti) jiska 22 janvye 2018. Apre li te konsilte avèk ajans konpetan gouvènman Etazini an epi analize kondisyon nan peyi a, Sekretè Kelly te detèmine ke sitiyasyon an te merite yon pwolongasyon limite, pou sis mwa. Malgre Ayiti te fè gwo pwogrè pou l rekipere apre tranbleman tè janvye 2010 la ki te motive deziyasyon sa a, kondisyon an Ayiti ki te sipòte deziyasyon an toujou egziste kounye a.

Moun ki benefisye deziyasyon TPS Ayiti kounye a yo ki ta vle pwolonje TPS yo dwe reenskri anvan 24 jiyè 2017. Moun ki benefisye TPS ki reenskri yo ka mande yon nouvo Dokiman Otorizasyon Travay (EAD). Moun ki reenskri epi ki mande yon nouvo EAD pandan peryòd 60 jou reenskripsyon an ka resevwa yon pwolongasyon otomatik jiska 180 jou pou EAD k ap ekspire a. Pwolongasyon sa a ap kòmanse jou EAD yo gen kounye a ekspire. Yo p ap pwolonje EAD ki gen kounye a yo si pa gen yon nouvo demann pou EAD. Si demann EAD moun ki benefisye TPS la apwouve, l ap resevwa yon nouvo EAD k ap gen 22 janvye 2018 kòm dat ekspirasyon. Nou ankouraje moun ki benefisye TPS yo anpil pou yo reanrejistre epi ranpli aplikasyon EAD yo prese pou evite yon twou vid nan dokiman otorizasyon travay yo.

Pandan sis mwa pwolongasyon an, nou ankouraje moun ki benefisye TPS yo pou prepare retou yo an Ayiti nan ka pa ta gen pwolongasyon deziyasyon Ayiti ankò, tankou al mande gouvèman ayisyen an dokiman voyaj ajou. 60 jou omwen anvan 22 janvye 2018, Sekretè Kelly ap reevalye deziyasyon Ayiti a epi detèmine si sitiyasyon an merite yon lòt pwolongasyon, yon redeziyasyon oswa yon anilasyon ki konfòm ak Lwa sou Imigrasyon ak Nasyonalite a. Kongrè te detèmine si wi ou non deziyasyon Ayiti a ta dwe kontinye. konsevwa Deziyasyon TPS la kòm yon bagay tanporè, epi Sekretè a gen pou li reevalye kondisyon nan peyi a konplètman pou

Pou reanrejistre, benefisyè TPS yo ta dwe soumèt:

Aplikan yo ka mande USCIS pou anile frè aplikasyon fòm I-765 avèk/oswa frè sèvis byometrik yo akoz de enkapasite yo pou peye. Pou ka fè sa, aplikan yo dwe ranpli Fòm I-912, Demann pou Anilasyon Frè, oswa soumèt yon demann ekri. Fòk gen lòt dokiman ki akonpaye demann anilasyon frè a pou ba l jarèt. USCIS ap rejte aplikasyon TPS tout aplikan ki pa soumèt frè aplikasyon yo oswa yon demann anilasyon frè a ki byen dokimante.

Plis enfòmasyon sou TPS pou Ayiti, ki gen ladan konsèy sou kalifikasyon, pwosesis aplikasyon an ak kote pou aplike, disponib sou entènèt la nan uscis.gov/tps. Plis detay sou pwolongasyon TPS pou Ayiti a ki gen ladan kondisyon ak pwosedi aplikasyon an, parèt nan yon avi Rejis Federal ki te pibliye jodi a.

Pou plis enfòmasyon sou USCIS ak pwogram li yo, tanpri vizite www.uscis.gov oswa swiv nou sou Twitter (@uscis), YouTube (/uscis), epi Facebook (/uscis).


No comments:

Post a Comment

Comment Posting Tips:

1. To estimate when priority date can be current, please see this GC Calculator: http://www.mygcvisa.com/calculator

2. View or add your I-130/I-485/NVC case to GC Tracker: http://www.mygcvisa.com/tracker

3. You can browse or post new questions in GC Forum: http://www.mygcvisa.com/discuss


Comments posted above will only appear in this blog post. Comments posted below will appear across all blog posts:

comments powered by Disqus