Monday, February 19, 2018

Peryòd Re-Enskripsyon Louvri Kounye pou Ayisyen ak Estati Pwoteksyon Tanporè

From USCIS News:

 WASHINGTON - Sèvis Sitwayènte ak Imigrasyon Etazini (U.S. Citizenship and Immigration Services, USCIS) te anonse jodiya benefisyè Estati Pwoteksyon Tanporè (Temporary Protected Status) anba klasifiasyon Ayiti ki vle kenbe estati yo jiska fen dat pwogram nan 22 jiyè 2019, dwe re-enskri ant 18 janvye 2018 ak 19 mas 2018. Nou te pibliye pwosedi pou re-enskripsyon, ak kijan pou renouvle papye otorizasyon travay, nan Rejis Federal la  ak nan uscis.gov/tps.

Tout aplikan dwe soumèt Fòm I-821 , Aplikasyon pou Estati Tanporè Pwoteje. Epi tou, pou aplikan yo ka mande yon Dokiman Otorizasyon Travay (Employment Authorization Document, EAD) lè yo soumèt yon Fòm I-765 , Aplikasyon pou Otorizasyon Travay ranpli, lè li ranpli Fòm I-821, oswa separeman nan yon dat apre. Tou de fòm yo gratis pou telechaje sou sitwèb USCIS la nan uscis.gov/tps.

USCIS ap bay nouvo EAD yo ak yon dat ekspirasyon 22 jiyè, 2019 pou benefisyè ayisyen ki kalifye pou TPS ki re-enskri epi aplike pou EAD yo a lè. Men, poutèt tan li pran pou trete aplikasyon re-enskripsyon TPS yo, USCIS ap otomatikman pwolonje validite EAD yo pou montre yon dat ekspirasyon 22 jiyè 2018 pou 180 jou jiska 21 jiyè 2018. Answit, moun ki gen yo ak yon dat ekspirasyon 22 jiyè 2017, epi ki aplike pou yon nouvo EAD pandan peryòd re-enskripsyon an dènye men poko resevwa nouvo EAD yo kouvri ak pwolongasyon otomatik sa a. Moun sa yo ka montre EAD yo ki endike yon dat ekspirasyon 22 jiyè 2017,  ak resi aplikasyon EAD yo (Avi Aksyon, Fòm I-797C) ki note nou te resevwa aplikasyon an nan dat 24 me 2017 oswa apre sa, ansanm ak deklarasyon sa a, bay anplwayè yo kòm prèv otorizasyon travay yo kontinye jiska dat 21 jiyè 2018. 

Nan dat 20 novanm 2017, Sekretè Pwovizwa Sekirite Nasyonal Elaine Duke te detèmine kondisyon dezas ann Ayiti, yo te baze klasifikasyon original Ayiti a, pa te kore klasifikasyon Ayiti pou TPS epi li te anonse yo t ap retire estati a. Sekretè Pwovizwa a te pran desizyon pou mete fen nan TPS pou Ayiti apre yo te evalye kondisyon peyi a ak konsilte avèk ajans gouvènman ameriken apwopriye yo. Epi tou li te ranvwaye dat fen an pou 18 mwa apre dat ekspirasyon a nki se 22 janvye 2018, pou pèmèt gen yon tranzisyon ki fèt nan lòd. Grasa pwolongasyon nan dat sa a, TPS Ayiti a ap fini 22 jiyè 2019. 

Pou plis enfòmasyon sou USCIS ak pwogram li yo, tanpri ale sou uscis.gov oswa swiv nou sou Twitter (@uscis), YouTube (/uscis), ak Facebook (/uscis).

- USCIS -


No comments:

Post a Comment

Comment Posting Tips:

1. To estimate when priority date can be current, please see this GC Calculator: http://www.mygcvisa.com/calculator

2. View or add your I-130/I-485/NVC case to GC Tracker: http://www.mygcvisa.com/tracker

3. You can browse or post new questions in GC Forum: http://www.mygcvisa.com/discuss


Comments posted above will only appear in this blog post. Comments posted below will appear across all blog posts:

comments powered by Disqus